Demission Jovenel Moise Président d"haiti

  • by: Zin Yez
  • recipient: Jovenel Moise

Pa bliye pou siyen chwazi Haiti, mete zon ou rete a kod postal la mete 000000

anyen pap mache nan peyi an , ANYEN , moun paka manje , sekirite an ap ogmante , timoun paka al lekol , nou beswen on lot gouvenman ki pou bay on lot imaj ak figi peyi a.
on lot gouvenman ki panse ak kisa ki dwe fet pou haiti ka pranw lot direktyon , ann komanse pa mande depa prezidan Jovenel Moise epi konsa nap pase pran lot yo paske pye bwa a pa gen selman Jovenel kom mango pouri , Senate kap vann poch yo, Depite kap fe we yo , ann chanje kompletman system sa a , ann pran on lot fasad ak peyi nou an , poukisa palman sa pa chita sou afe Vis-prezidan an, negosyatyon premye minis sa sonw byen manman yo ak papa yo kite pou yo , poukisa tout bagay komplike nanw peyi , nou pap di aba san nou pap cheche on lot plan B , ann di byebye Nicole pou prezidan Jovenel Moise epi ann panse kiyes ki ka ede Peyi an , poukisa gen tout Brebi sa yo pou on ti kantite mouton , poukisa pa gen 2 pati politik selman , youn goch , youn dwat , si nou vle ede peyi konsa nou tout ka mete ansanm , waww papi vle dirije , manmi vle dirije , matant vle menm bagay rouchhh menm tontonm vle dirije tou , ann panse on lot jan , si petition sa rive a 500.000 Siyati sa vle di nou konsyan de sa nou vle , si nou konsyan de sa nou vle nou pap selman mande poul ale ann mande sa nou vreman vle a tout bon, ke 500.000 moun sa chita pou di ki moun nou vle, kijan e koman , ann tou fe petition sa tounen on koupe gagann , kombyen moun ki metew moun prezidan 250 mil , 300 ou 400 mil moun , si 500 mil moun siyen petition sa , sa vle di jamais la vie yo pap ban nou sa yo vl;e anko , nap chwazi sa nou vle , sa vle di si demi million moun sa di li ap kampe devan palè an bloke san boule san kraze fok yo tande , sa vle di demi millyon moun ki pral di afe 20 ou 30 pati an se fini,afe negosye premye minis lan se fini , ke prezidan an poze kandidal ak vis-prezidan li, konsa na asiren , ke minis jistis la se pou pati tonton mwen an, epourtan direkte general la Polis la se pou depite papa mwen an, nap ka di sispann pataje moso gato an, nap ka chwazi ki depite nou vle , nap ka mande yo sa ke nou vreman beswen , on depite , on senate se yon model pa on atis , poun sispann ri le nou we yo nan lari ap fonw bagay ki pa bon , poun sispann dako yap ale nan plaj yo vle ak medam nou yo , poun asiren ke nimpot ti detay yo fe ki pasa lot depite ak senate parey yo ap sanktyone yo , yap pran prizon ou peye sa, nou pa janm we kote yo di nou yon senate demisyone paske li fonw zak imoral e li pral pran 3 ou 6 mois prizon , nou anvi we sa, nou anvi we fatra sispan e pa selman le yo fek monte tou cho tou bouke pou pran poz yap travay , vini ak on paket proje san pye san tet men kisa nan 3 a 4 an kap fet pou fatra yo , ouvew izin pou transforme yo on fwa, sispann jete yo le nou te ka bay moun travay nan plizye izin de trasfomatyon fatra , fe chez avek yo pou lekol timoun nou yo , fe tab avek yo , nou anvi we rout yo fet , nou anvi we on gouvenman ki plis sou travay ke prezante bel video sou Youtube , instagram ak lot rezo , daye prezidan nou yo pa janm bo gason ke sa, nou pa janm gen trop anvi we yo sou tele ke sa non,petet yo pa konn sa men nou plus renmen we chanjman an kaop fet ke we figi yo nan tele kap ban nou manti , ou vle sa chanje nou vle minimum 500mil siyati , jen fi , jen gason , granmoun fi ,granmoun gason nou pap just voye ale men a pati de siyati sa ann di nou pa vle okinn pati politik men nou beswenw moun ki pral di nou men lel monte nan 2 mois lap fe sa, lap fe investiti li le 15 lap pase ak [premye minis lan le 30 , chanm senat ak depite an ap pran 3 mois pou chanje afe premye minis sa pou yo ban nou vis-prezidan san kontrole lot detay ki importan , apresa nan 5 mwa gouvenman an ap kontwole kombyen diri nou manje pa anne , lap ede latibonit pou founi nou li , kombyen bannan nou beswen pa ane lap fe akaye ban nou li ,men kibo kob la ap soti men ki dat sa ap fet, afe petro-karibe an , men koman sa ap komanse men kijan nap chwazi moun ki pou fel yo , nou beswen we pi kle , fok moun sa promet nou ke ap gen kamera nan administrasyon piblik yo , pou moun sispann ap chat pandan ke nou beswen sevis , ak gen system pwentaj pou moun sispann fe semenn lakay yo pa gen moun pou travay epi yap touche , konsa tou on moun ki pral di nan 4 nan 5 mwa men koman li pral peye tout det leta gen anve ti profese yo ki fe 10 zan ap travay san touche , polisye nou yo kap swe nan lari an pou yo sispann vole menm jan avek yo,  sispann ak promes yo , ban nou on dat poun swiv le sa pa fet poun konn sa nou dwe fe avek yo , nou vle gen la vwa tou , kisa pep la dwe fe lew prezidan bay manti , lew senate bay manti , mutre nou ke yo pa beswen iminite pou yo kache , siyati sa nou pral bay la , ap pwouve ke nap sispann mache ak pati jis paske yo gen nom, yo pa Apple yo pa Samsung , nou paka ap pplede chwazi paske genw nouvo model ki soti , ann chwazi pou on vre chanjman kounya .

Mwen se BAE

Sign Petition
Sign Petition
You have JavaScript disabled. Without it, our site might not function properly.

Privacy Policy

By signing, you accept Care2's Terms of Service.
You can unsub at any time here.

Having problems signing this? Let us know.