Nou bezwen yon bon minis kilti

Pòtoprens, jou ki 15 jiyè lane 2018

Nou menm , atis ak travayè nan sektè kiltirèl la, Nou deside pa pran kaka poul pou jòn ze ankò Nan fason dirijan enkonpetan ap chwazi nenpòt moun mete nan tèt Ministè kilti , San respè pou valè ak kreyatè kap egzèse metye atistik ak kiltirèl nan peyi a.

Nou di non non non.

Nou pap pran minis bouki-awogan-konplekse nan tèt Ministè Kilti ankò.

Nou vle yon Ministè ak yon vrè bidjè.

Nou pa vle okenn minis ki poko janm li yon liv literè.

Nou pap pran okenn minis kap òganize tisourit sou channmas pou timoun vin gouye pou byen materyèl.

Nou vle yon minis ki konnen sektè a, E ki konnen tout konpetans li dwe itilize pou remanbre Kilti peyi a Sann pa mete sou kote okenn potansyèl nou gen nan patrimwàn nou.

Nou egzije yon bon minis ki ka foure tout pratik kiltirèl nou yo nan edikasyon peyi a. Si nou pa vle pran nan tout voum se do ankò, Si nou dakò se sèl Kilti nou Ki fòs nou ki ka fè yo pale byen de nou, Annou mete siyati nou anba nòt sila a Guy Régis Jr. Jacques Adler Jean Pierre Charlot Murat Wooly St. Louis Jean Claude Carré David Charlier Zanna Makala Élie Manzè Selide Prince Jerry Benjamin Velina Elysée

assinar petição
assinar petição
O seu JavaScript está desativado. Sem ele, nosso site pode não funcionar corretamente.

política de privacidade

ao assinar, você aceita o termos de serviço da Care2
Você pode gerenciar suas assinaturas de e-mail a qualquer momento.

Está tendo algum problema?? Avise-nos.